DOLEANCES OU INFORMATIONS?  CLIQUEZ ICI
Lun - Ven: 8:00 - 16:00
Sam-Dim Fermé
+509 4109 8787 / +509 3489 8787
Téléphone
153, Avenue John Brown
Adresse Postale
Donation

MESAJ DIREKTRIS EKZEKITIF LA
Okazyon lansman Òganizasyon an 27 avril 2018

Medam, Mesye

Nou tout ki la a, nou se fanmi pou yon kòz nan yon kòz,e se kòz sa a menm ki esplike, ki jistifye lansman Fondasyon je klere jodia.

Fondasyon Je klere(FJKL) se yon nouvo zouti, ekip ki la a ak tout alye l yo mete sou pye pou nou pouse kòz Dwa Moun nan pi lwen toujou malgre kriz sosyal ak kriz politik ki vinn pi ekzajere peyi a.

Nou fè anpil eksperyans ki pèmèt nou tire anpil leson, nou ka di pou chak grenn nan nou ki nan ekip la, kriz yo, move eksperyans nou fè, desepsyon nou pran, nou jwenn nan soufrans pèp Ayisyen an; anplis de sa rezon pou nou kontinye konba a a, sa vle di pou nou jwenn pi bon fason pou nou fè kesyon Dwa moun nan, kesyon jistis la, kesyon jistis sosyal tounen vrèman vre referans ki pou gide aksyon moun ki genyen reskonsabilite nan peyi a.

Jodia nou menm ki la a nou pi konvenki chanjman Haiti pase avan tou pa mete lajistis la nan plas devan, nan tout sa kap regle nan peyi a:

• Jistis nan rapò nou ak leta a;
• Jistis nan rapò nou menm sitwayen ak lot yo;
• Jistis nan rapò nou ak fanm nan peyi a ;
• Jistis nan rapò nou ak ti moun nan peyi a;
• Jistis nan rapò nou ak tout gwoup ak kategory ki majinalize nan peyi a;
• Jistis nan rapò Haiti ak lot peyi.

FJKL map dil pa yon òganizasyon anplis, li tou senpleman yon nesesite pou reponn a yon bezwen:

Pemèt tout sitwayen nan peyi a gen je yo byen kale sou kesyon dwa moun, sou kesyon jistis la, men tou sou tout moun ak òganizasyon ki pretann yap defann kòz sa a.

Mèsi.

Suivez-nous sur Facebook

Galerie d'Images

Newsletter

Prière d'entrer votre adresse Email pour vous abonner à notre Lettre d'Informations périodique.

© 2018 Fondation Je Klere (FJKL). Tous Droits Réservés.
153, Avenue John Brown, Lalue, Port-au-Prince, Haïti. +509 4873-4727 / +509 4098-0590
Site propulsé par:GRAFIKLIF-Webalaminute

Nos Visiteurs

Nous avons 24 invités et aucun membre en ligne

Recherche